Nou vrèman kontan w pou nou ofri w yon seri fòmasyon Live sou Komès Anliy, Devlopman Web, Anglè, Tax, ak anpil lòt bagay ankò. Sesyon live sa yo fèt espessyalman pou ede w konekte an dirèk ak yon espè ak lòt etidyan ankò kote nou ka aprann yon seri abilite k ap ede n reyisi antanke pwofesyonèl.
MarkanceTech Academy – Misyon Nou se Ede w Grandi epi reyalize rèv ou!
Nou generalman gen anpil kesyon lè nou vle kòmanse envesti oswa antreprann: Ki sa m ta vann? Ki kote m ka achte yo? Kibò m ka vann yo? Konbyen Kòb m bezwen pou m kòmanse? Èske travay mwen ap bann ase tan pou m jere sa? Si nou pa jwenn yon bon repons pou kesyon sa yo, li posib pou rèv sa a nou genyen pou n kreye pwòp biznis nou an kòmanse disparèt tikras pa tikras. Men, Ou pa poukont ou! Nan MarkanceTech nou kenbe menw, nou reponn tout kesyon sa yo pou ou, e nou ede w devlope abilite w ap bezwen pou w kòmanse lanse kèlkeswa biznis ou gen nan tèt ou a.


