Course overview
Se TOUJOU yon Kochma apre chak sezon Tax! Anpil moun malerezman tonbe viktim chak ane anba grif moun ki te fil tax pou yo a.
Poukisa w oblije kite yon moun vòlè $200, $500, e pafwa menm plis ke $1000 sou ou pandan ke w te ka fil tax ou poukont ou??Nou toude konnen jan w te redi travay di pou w fè ti kòb sa! Petèt ou di tèt ou, se yon moun nan legliz mwen … m fèl konfyans…oswa petèt yo fè w konprann ke tax se danje __ ou pa ka fè l poukò w, so ou tonbe anba plan yo a.
Well! Se pa paske yon moun nan legliz ou ki vle di li konn fil tax byen, oswa li vle ede w vre! Anfèt, majorite moun k ap fil tax gen yon sèl objektif nan tèt yo: Fè plis Lajan nan sezon an posib. Kou sa fèt espesyalman pou ede w demaske eskanmòtè (Scammers) sa yo! Wi! Ouvri je w! Ou pa ka ap viv Etazini, ou konn li, pou w pa ka fil Tax ou poukont ou.
Lè w bay yon moun fil tax pou ou, sosyal ou nan men l, sosyal pitit ou nan men l. Si se yon moun ki neglijan, li fasil pou l bay lòt predatè aksè ak enfo sa yo san l pa rann li kont. Ou konn rès istwa a!
Moun ki fil tax pou ou a pafwa vle fè w konprann se li k ap fè w fè lajan blablabla. Tout sa se manti! Ou ka fè tout afè w poukò w e petèt pi byen toujou. Ou jis bezwen aprann kijan pou w fè l byen!
Pa bliye, Tout sa yon moun ka fè, yon lòt moun ka fè l tou. Pa kite okenn moun fè w konprann ke w paka fil tax ou poukont ou oswa ede fanmi w ak zanmi w. Kou sa se sa l ap fè pou ou. Nou GARANTI W lè w fini l W AP FIL TAX OU POUKONT OU!
What you’ll learn
Lè w Fini Kou sa W ap Ka:
Key topics covered
- 1Personal Tax
- 2
Small Business Tax
- 3
Tax Softwares
- 4
Kijan pou w vin yon tax Professional
- 5
Kijan w ka fè lajan nan tax
- 6Kreye epi Egzekite Yon Bon Plan Biznis
Course curriculum
Objective: Vin yon ESPÈ nan Preparasyon Tax nan mwens ke 3 mwa.
Etidye ak Fleksibilite
Akoz Travay ak fizo orè yo ki pa menm, anpil moun malerezman paka aprann yon seri abilite teknik pou yo amelyore kalite vi yo. Markancetech se yon akademi anliy ki pèmèt ou pran yon seri kou avanse kote w vle, lè w vle, nan vitès ou vle. Travay Full Time ou pa, No ka ede w fè pwogrè.
Asistans Pratik Regilyèman
Markancetech pa jis vann ou yon Training epi nou lage w poukont ou. Nan Markancetech, nou asire n ou gen ase asistans ke w bezwen pou w avanse. Nou jeneralman konekte ak etidyan yo nan yon lè ki ap bon pou yo pou n ede yo. Markancetech se sèl Academy ki ofri pratik live lè w fin achte yon kou.
Etidye Ansanm Ak Espè nan Endistri a
Majorite Pwofesè nou yo etidye pou omwen 4 an nan Inivèsite, e yo se moun k ap travay nan endistri a. Sa vle di, Pwofesè Markancetech yo pa jis ap voye monte, men yo itilize teknik sa yo y ap anseye yo chak jou nan kad travay oswa biznis yo. Nou anseye w sa nou konnen w ap bezwen vrèman pou w lanse biznis ou ak konfyans epi fè lajan.
Start Now: Training Sa disponib Pou ou depi Jodi a e se 50 moun max n ‘ap pran. Ekri nou pou w rezève yon plas.
Sa w ap bezwen Pou w kòmanse
W ap bezwen yon Laptop, Kaye, aksè ak entènèt, yon kamera webcam, yon kas. Tanpri note ke OU PA KA PRAN KOU SA AK TELEFÒN Sèlman.
Envestisman
Tout training nou yo fèt yon fason pou ede w pratike pandan w ap aprann nan.Byenke training tax sa fèt espesyalman pou ede w fil tax ou poukont ou, ou ka itilize nouvo abilite sa yo pou w fè lajan san pwoblèm.
Temwayaj: Veniel J Louis
Nan ane tax ki te pase anwo a, 2024, moun ki te fil tax pou mwen an te pran plis ke $1200 sou mwen ak madanm mwen. M eseye mande plizyè moun pou yo montre m kijan pou m fè l men yo pat vle. Jiskaske m tonbe sou Markancetech. Lè m fini training lan, nonsèlman m fi l tax fanmi m poukont mwen, men m fil tax plizyè lòt zanmi tou.
M vrèman rekòmande nèg yo. Sa m te vrèman renmen tou sèke gen videyo, quiz, pratik, ak anpil lòt sipò ankò. Se pa jis yon reyinyon zoom epi yo fini avè w.





